product image

Sekrè pou w viv lontan

$14.99
2 members

Estrateji pouw evite maladi kwonik e viv lontan avek manje w kom pi bon zanmi w

Nan yon epòk kote maladi kwonik ap ogmante chak jou, dyabèt, tansyon, obezite, maladi kè, kansè ak anpil lòt. Anpil moun ap chèche solisyon nan medikaman sèlman, pandan yo neglije vrè fondasyon sante a: fason yo viv chak jou.



“Sekrè pou viv lontan” se yon gid pratik, syantifik ak pedagojik ki montre ke viv lontan pa yon kesyon de chans, men se rezilta chwa nou fè chak jou.



Liv sa a revele ke manje se premye medikaman nou, epi abitid senp tankou bon manje, aktivite fizik regilye, dòmi, jere estrès ak disiplin pèsonèl kapab diminye risk pou anpil maladi grav, pandan yo ogmante kalite lavi ak dire lavi nou.



Atravè eksplikasyon klè ak egzanp konkrè, liv la ede lektè a konprann:

  • Poukisa manje trete nan laboratwa yo detwi sante moun tikal pa tikal.

  • Ki manje ki pwoteje kò a pou w viv lontan

  • Enpòtans aktivite fizik

  • Kijan disiplin chak jou ka chanje avni sante yon moun

Liv la pa limite sèlman ak prevansyon; li bay tou zouti pratik pou moun ki deja gen faktè risk oswa maladi kwonik pou amelyore kondisyon yo epi reprann kontwòl sou sante yo.



Avèk yon apwòch ki baze sou edikasyon, prevansyon, ak responsabilite pèsonèl, liv sa a ankouraje lektè a pran desizyon entèlijan pou viv plis ane , men sitou pou viv ane sa yo an bon sante, ak enèji, klète mantal, ak diyite.



“Sekrè pou viv lontan” se pa sèlman yon liv sou sante; se yon envitasyon pou chanje lavi w, pwoteje fanmi, epi bati yon avni kote viv lontan pa vle di viv ak maladi, men viv ak jwisans.

Powered by Whop
Frequently asked questions
Sekrè pou w viv lontan | Whop