Montaj Biznis Ebook
Kreye, Pibliye ak Vann Ebook Sou Entènèt an Mwens Pase 1 Èdtan
Ou vle antre nan biznis dijital, men ou pa konnen ki kote pou kòmanse? Fòmasyon Montaj Biznis Ebook la fèt espesyalman pou moun ki vle kreye yon sous revni sou entènèt, menm si yo pa gen eksperyans anvan.
Nan fòmasyon sa a, ou pral aprann etap pa etap kijan pou kreye ebook pa w, kijan pou pibliye li, epi kijan pou vann li sou entènèt rapid, san bezwen stòk, san lokal, ni gwo depans. Tout sa fèt ak zouti senp, pratik, epi aksesib pou tout moun.
Nou montre w kijan pou:
chwazi yon bon sijè ki ka vann,
òganize kontni ebook ou,
prepare li pou vann sou platfòm dijital,
mete li sou Amazon,
epi lanse premye lavant ou nan yon ti tan.
Biznis ebook la se yon biznis 100 % sou entènèt, ki ka fonksyone 24 sou 24, 7 sou 7, menm pandan w ap dòmi. Fòmasyon an fèt pou ede w pran aksyon rapid, rete fokis, epi evite konfizyon ki fè anpil moun abandone.
Si objektif ou se kreye yon BIZNIS dijital dirab, ogmante revni ou, epi pran kontwòl tan ou, fòmasyon sa a se yon bon pwen depa.
👉 Kòmanse jodi a epi fè premye pa ou nan mond biznis dijital la.
- 5 months ago
It was very interesting












