
3-Day Business Workshop VIP se yon eksperyans entansif ki fèt pou moun ki pa vle sèlman suiv fòmasyon an, men ki vle travay dirèkteman sou pwòp biznis yo.
Pandan 3 jou yo, w ap jwenn aksè ak sesyon an dirèk, egzèsis pratik, zouti, plan aksyon ak sipò pou ede w idantifye sa ki bloke w, klarifye sa w ap vann, epi kreye yon chemen ki pi solid pou devlope biznis ou.