
Pwogram “Chanje Manje w, Chanje Lavi w” pa tankou tout lòt pwogram ou konn wè sou entènèt la. Se yon pwogram 6 semen kote map rankontre ak ou chak semen pou n evalye pwogrè yo.
Sa pa yon rejim kote yo di w sa pou w manje pandan kèk jou epi apre w pèdi tout rezilta yo.
👉 Sa se yon transfòmasyon.
Nou pa la pou fè w soufri, ni pou w santi w ap pase mizè sanw pa ka manje sa w renmen
Nou la pou ede w konprann kò w, epi aprann kijan pou nouri li pou l fonksyone pi byen.
Anpil moun ap viv ak tansyon, sik, oswa pwa ki pa stab…
yo pran medikaman chak jou… men yo toujou pa santi yo byen.
👉 Verite a se sa:
Si ou pa chanje fason ou manje, anyen pap chanje vrèman.
Se pou sa pwogram sa a diferan.
Ou pap sèlman resevwa konsèy…
Ou pral aprann:
✔️ Li adapte ak lavi reyèl ou
✔️ Li fasil pou swiv menm si w okipe
✔️ Li pa mande pèfeksyon, li mande konsistans
✔️ Li ede w reprann kontwòl sou sante w
Avèk disiplin :
👉 Chanje manje w… se chanje lavi w.