Dr Thebeaud, MD

5.0 (2 Reviews)
Doktè Claudelson Thebeaud se yon medsen ki pasyone pou ede moun viv pi lontan ak pi byen. Avèk fòmasyon espesyalize nan nitrisyon nan Univer...
Location hidden
Created byProfile pictureDr Thebeaud
141 joined
Profile picture
Dr Thebeaud Profile picture@drthebeaud·Apr 19
Profile picture
Dr Thebeaud Profile picture@drthebeaud·Mar 29

SI OU WÈ POST SA, SE PA AZA!

Gen yon moun ki pral li mesaj sa jodi a ki bezwen chanje fason li manje sinon nan kèk ane:

– Li ka devlope tansyon

– Dyabèt

– Pwoblèm kè

– Oubyen viv ak fatig chak jou

E sa ki pi tris la… anpil moun ap tann yo malad avan yo aprann sa yo ta dwe konnen.

Se pou sa mwen deside fè yon MASTERCLASS GRATIS demen pou ede moun ki vle:

Pran sante yo oserye

Konprann kijan manje afekte lavi yo

Aprann ti chanjman ki ka fè gwo diferans

Evite erè ki voye anpil moun lopital

Sa ka sove lavi yon moun ou renmen.

Demen 8è Pm Sou Zoom

Ekri "M ENTERESE nan kòmantè a epi klike sou lyen sa pouw enskri gratis.:

E fè yon aksyon ki ka sove yon lavi: Pataje post sa oubyen tag yon moun ou pa vle malad.

Paske verite a se: Sante pa achte lè li fini pèdi.

Profile picture
Aditya yadav@adityayadavfa·Jul 24
android-f8e48357-7f20-44c4-9fec-1316e4871fcbFile · 58.0 kB
Profile picture
Dr Thebeaud Profile picture@drthebeaud·Mar 9

5 erè anpil moun fè chak jou ki ap detwi sante yo san yo pa konnen!

Yo bwè twòp ji dous ak bwason ki gen sik

Yo dòmi twò ta chak swa

Yo manje twòp manje trete (fast food)

Yo pa bwè ase dlo pandan jounen an

Yo pa fè okenn mouvman oswa egzèsis

Pwoblèm nan se ke erè sa yo pa bay sentòm touswit…

Men ane apre ane, yo ka mennen nan:

• Dyabèt

• Tansyon wo

• Pwoblèm kè

• Obezite

Bon nouvèl la: ti chanjman chak jou ka sove lavi ou.

Bwè plis dlo

Manje plis fwi ak legim

Mache omwen 30 minit pa jou

Dòmi ase

Sante ou se pi gwo richès ou. Pa neglije li.

Tag yon moun ki bezwen wè mesaj sa a jodi a.