

Jou 1: Fondamantal sou Amazon FBA & Kreye Kont Amazon ou
● Kisa Amazon FBA ye epi kijan li fonksyone
● Diferan modèl biznis yo (Private Label, Wholesale, Arbitrage)
● Etap pa etap: Kreye kont Amazon Seller ou
● Zouti ak dokiman ou bezwen opsyonel pou komanse (ID, EIN, kont labank, elatriye)
Jou 2: Kijan pou w jwenn bon pwodwi pou vann
● Kisa pou w chèche nan yon bon pwodwi (dimansyon, pwa, demann, konpetisyon)
● Zouti pou fè rechèch sou pwodwi (Amazon, SellerAmp, Keepa elatriye)
● Kijan pou analize pwofi yon pwodwi
● Egzèsis senp: Jwenn epi valide 3 ide pwodwi
Jou 3: Kijan pou w jwenn apwobasyon & sòti nan kategori ki bloke yo
● Ki sa “gating” vle di sou Amazon
● Kijan pou tcheke si yon pwodwi/kategori bloke
● Etap pa etap: Kijan pou w mande apwobasyon (dokiman, fakti, founisè)
● Lis founisè ki serye pou ede w ak “ungating”
Jou 4: Kijan pou w sèvi ak kredi pou grandi biznis ou sou Amazon
● Diferans ant kredi pèsonèl ak kredi biznis
● Kat kredi ki pi fasil pou biznis kap kòmanse
● Kijan pou w bati kredi biznis rapid (LLC, DUNS)
● Kijan pou itilize 0% APR ak rekonpans entèlijamman
Jou 5: Konprann taks & pwoteje biznis ou
● LLC, Sole Prop, oswa S Corp: Ki pi bon pou vann sou Amazon?
● Diferans ant taks sou revni ak taks sou lavant
● Konsèy sou kontabilite ak lojisyèl ou ka itilize
● Fè yon recap Challenge la + Pwochen etap pou w grandi biznis ou