Ou pa oblije rete sou menm chemen an jis paske ou deja fè anpil tan sou li.
Se youn nan leson mwen ap viv kounye a.
Anpil nan nou te antre nan kominote sa a pou aprann e-commerce avè m. Nou te aprann ansanm, nou te teste, nou te avanse.
Jodi a, mwen pran yon lòt direksyon. E mwen vle ouvri pòt la pou nou konprann poukisa.
Aswè a, mwen vle raple w envitasyon sa a: premye defi 5 jou mwen sou lavant a distans.
Pou premye fwa piblikman, m ap pataje nouvo biznis mwen ap bati a, sistèm nan, ak estrateji a.
Pa gen pwodwi fizik. Pa gen envantè. Pa gen colis pou voye.
Se aprann yon konpetans ou ka itilize depi lakay ou: konnen vann.
Menm konpetans ki te sèvi m lè m t ap fè pòt an pòt la, se sou li mwen ap bati nouvo chapit sa a.
Tout 5 jou yo se sèlman $7.
Si ou te suiv mwen nan ansyen chapit la, mwen ta renmen wè w nan nouvo sa a. Vin konprann modèl la epi wè si li mache pou ou.
👇🏾 Rezève plas ou la a:
https://training.yesyesyesvirtualsalesacademy.com/defi
Si ou deja enskri, ekri “M LA” anba pòs la 🔥
